Mizè timoun nan lari yo/The misery of street children

20 04 2011

Vwa m pap ase pou m pale nan zorèy tout

Ede yo tanpri an kolabore

An brase lide

Pou n ka wè si n te kapab trouve solisyon

Pwoblem timoun yo

Nan lari,

Y’ap grandi san fòmasyon

Depi 10 zan

Yo responsab tèt yo

Mwen ta ka di yo adilt

Timoun yo pa gen pèsonn

Pou yo bay tèt la manjay

Yo oblije fè tou zak

Volè

Prostitiye

Droge

Mwen dwe kritike, oubyen imilye timoun yo

Se pa fòt yo

Yo pa edike

Menm nou menm nou konn di

Chen grangou pa jwe

Pi fò pa an santé

Tèlman lavi maltrete yo

Yo pase tout sot de mati

Gen ladan yo, yo itilize pouf è vye tak malonèt.

Mesye danm an panse pou eranjman timoun yo,

Paske se yo ki avni peyi a

An verite, verite si se konsa

Lajenes ap peri sou pye.

— METELLUS Gerty

**********************

My voice alone is not enough for everyone to hear me

Help them, please, let’s collaborate

Let’s brainstorm

To see if we can come up with a solution

To the problem of street children

They are growing up untrained and unwatched

As young as ten years old

They are responsible for themselves

I would say they’re like adults.

These children have no one

To give them food

They have to do anything to get by:

Steal

Prostitute themselves

Deal drugs

I can’t criticize or humiliate these children

It’s not their fault

They’re not educated.

As the proverb goes,

The hungry dog doesn’t play.

Most of them aren’t healthy

Life mistreats them so.

They are martyred in so many ways.

Some of them are used dishonestly by others

Ladies and gentlemen, let’s think of how to bring change to the children

For if it is truly, truly so,

If things remain as they are

Haiti’s youth will die on its feet.

— Gerty METELLUS





Geto/Ghetto

7 04 2011

Se la m’ grandi

Se la m’ ka ri

Se la m’aprann lavi

E tout nan m’ soude ak li

Anndan l mwen gen patnè

Ladan m’ ka mache nenpòtlè

Tout moun anndan l’ pou mwen se frè ak sè

Pou mwen yo toujou la lè malè

Menm si sa di m’ pap dòmi grangou

Vwazin nan ak mwen chanje plat chak jou

Lè youn genyen lòt pa jou lou

Pase kanmèm fòk li ba ou.

Vakans nou fè bèl chanpyona

Kay yon patnè n’al gad tele lè swa

Pale foutbòl ak bay istwa

Avan pou n’ kase randevou pou demen swa.

Manman youn se manman tout

Nan geto nou tout fè youn

Nan geto tout moun konn moun

Anndan geto nou tout se youn.

Menm si yo di li bay bandi

Men andan l’ nou tout se fanmi

Paske nou pa gen lajan

Yo ban nou move jan

Lè zòt bezwen pouvwa

Yo fè n kwè n’ap manje zwa

Men aprè se menm traka a

Li lè pou geto a gen lajwa

Menm si nou sot ba

Nou ka rive wo

Men nou pap bat ba

Paske nou se geto

E nap toujou rete geto.

— DUPALIS Élie

****************

It’s where I grew up
It’s where I can laugh
It’s where I learned about life
And my whole soul is welded to it.

Inside is where my boys are
Inside, I can walk around at any time
Everyone inside is a brother and sister to me
They’re always there when something goes wrong.

So that means I never go to sleep hungry
Neighbors share their food every day
When one has enough, no one suffers
Because everyone must give to one another.

During summer vacation, we play sports in the street
Go to friends’ houses and watch TV
Talk about soccer and tell stories
Before we make plans for tomorrow night.

The mother of one is everyone’s mother
In the ghetto, we all become one.
In the ghetto, we all know each other.
Inside the ghetto, we are all the same.

Even though they say it makes people gangsters
But inside it, we’re all family.
Because we don’t have any money
They treat us like we’re nobody.
But when those Others need power,
They make us think we’ll eat caviar
But after that, it’s just the same shit.
It’s time for the ghetto to at last know joy.

Even though we’ve started low
We can reach high
But we’ll never surrender
Because we are ghetto
And we will always be ghetto.

— Élie DUPALIS





Istwa pa’m/My story

5 02 2011

Mwen pat’ gen plis ke onz lane

Lè nan pòt kèm lanmou te frape

Se pat laj poum’ te bye trezone

Men byen fò nan mwen lanmou te rezone

Depi jou sa a ak li m’soude

 

Li se Emanuela, men li pa panyòl

Ak ti kèm soude tankou se te ak lakòl

Pou di lanmou mwen gen pou li pa gen dyòl

Li motive m’ pou m’ te fini lekòl

Mwen pap sispann di l’ jan m’ renmen l’an kreyòl.

 

Dis lane aprè, mwen renmen l’

Se kòm si se te yè

Depi mwen wè l m’ tankou djedje

Se m’ te genyen l’ m’ pat respekte pèson sou latè

Pou li mwen prè pou m’ fè malè

 

Si jodiya nou pa ini

Se travay lanati

Bondye kan mèm map di mèsi

Pase pou nou ta elmi

Mwen reziyen m’ pou nou zanmi

Si w’ di tèt mwen pati

M`ap di wi paske m’ toujou li, Elie.

 

— DUPALIS Elie





Lavi Ti Bondye/The Life of Ti Bondye

8 11 2010

Istwa sa a enspire pou “Ti Sentaniz” pou Maurice Sixto

Ayiti se yon peyi ki gen anpil moun pòv, soti nan pwovens, pou rive nan rive nan kapital la, ki se Pòtoprens. Sezon vakans dete se yon sezon kote timoun renmen pen ak zaboka e wayal ak manba, eben sa raple mwen istwa yon madanm ki rele Guerda.  Se yon fanm ki renmen komès anpil.  Li leve bonè e li dòmi ta, yon fason pou li ka ede pitit li yo.

Depi li jou, li pran panye li, li mete sou tèt li, l’al pwomennen pen ak zaboka, wayal ak manba e fòk li rantre ak yon ti mamit diri ak pwa pou yo bouyi, pou yo manje pou jounen an.

Guerda te gen yon ti kay tòl mari li te mouri kite l pou li.  Andedan fetay kay la genyen yon mòso prela ki mare yon fason pou enpeche dlo rantre lè lapli ap tonbe.

Ti kay la te gen 5 moun ladann sa se yon katastròf:

Anold ki te mari Guerda plis twa timoun yo: Guerline, Jean Ronald, Ti Bondye.  Guerline se premyè pitit Guerda.  Ti Bondye se denyè a.

Twa mwa pita Guerda tonbe malad li gen fyèv ki se sentòm maladi tifoyid.  Maladi sa rive kokobe malerèz la, avan li tiye l.  Guerda mouri nan mitan mwa desanm.  Timoun yo pran nan twa wa, yo san manman, yo san papa.

Mizè a vin pi di pou yo.  Aprè obsèk manman yo, Ti Bondye pran plenyen li di: <<Lè manman mwen te la, mwen pat konn soufri konsa, menm ke mwen pat konn byen manje, men mwen te konn goute yon bagay kanmen.>>

Guerline gade tigason an ak yon lè li di <<O o, sa tigason sa plenyen konsa, sak fè ou pa ale volè pito, se pa mwen ki manman w non, e li pat mouri kite yon byen nan men m pou ou.>>

Jean Ronald: << Se ou ki pi gran, se ba ou pou li plenyen, paske se nou li genyen, si se ou kite nan plas li koman ou tap santi w si se li kite w di w sa?>>

Jean Ronald konnen ròl li antanke pi gran li rekonfòte Ti Bondye, li di: <<Gade ti frè m pa plenyen bay vye fanm sa ankò, paske se yon lougawou li ye, si l te konn wòl li antanke pi gran se pa sa li tap di w.>>

Guerline mare figi li move li di Jean Ronald: <<Pandan wap radote la ou te ka ale lavil pou al pote kèk chay pou ka jwenn kòb pou okipe l, pou ba l manje a lè, ou pa sansib pou li vre.>>

Rad sou kò tigason an, se tankou yon tòchon kay machann manje kwit, cheve li wouj tankou pay de fè ki pouri nan solèy.

Chak jou l’ap mande bondye delivrans:
<<O bondye mwen gen senkan,mwen pa gen manman ak papa ki pou ede m.
Souple delivre m non bondye.
Retire m’ nan mizè non bon papa.>>

Jean Ronald te kache l’ap tande ti frè l e li pran kriye, li sòti pou l’al chèche lavi, chans pou li, li rete yon tap-tap ki te sou wout la.

<<Ey yo bòs mwen, tanpri fè mwen kado yon bagay souple, piti koulye m’ap kontante.>>

Chofè a: <<A monchè, se jèn gason ou ye, ou gen anpil avni devan w, 50 goud p’ap ka regle anyen pou ou!  M’ap ba w posibilite pou ou fè plis kòb, chak jou vini avèk mwen e w’ap ramase kòb nan men pasajè yo pou mwen.>>

Misyè te tou rete travay, li fè sa chofè a mande l pou l fè yo.  E akòz de sajès li gen moun ki ba li ti lajan pa l’ apa, aprè chofè a òganize li avèk li, konsa li jwenn kòb pou yo manje chak jou.

E yo repare ti ajoupa manman yo te mouri kite pou yo a.

Ti Bondye vin gen kè kontan chak jou paske li wè afè devan vant li.

Fanmi sa tèlman pa gen chans, mizè yo retounen pou pi rèd, lafen blayi nan kay la pi rèd paske Jean Ronald mouri nan aksidan ak tout chofè yo…

Ti Bondye pran nan cho pou pi rèd paske li pèdi dezyèm papa l se te sèl espwa l’.

Demen maten byen bonè li pran lari ak yon zèl boyo nan pyè l, yon asyèt anba ponyèt li.  L’al mande devan yon legliz nan kapital la ki rele

<<Eglise de Dieu de Port au Prince>>

Li gen yon chan li konn chante ki ka rann nenpòt moun tris.

<<Wi madanm si w te konn mizè mwen pase, kounye a mape mande (2 fwa)
Mwen pase mizè malad, mwen pase mizè grangou
Dòmi san manje, leve san manje
M’ pa gen moun kape ban mwen
Lè m wè m paka manje m’oblije pran vye kwi m pou mwen mande charite.>>

Pastè a t’ap soti nan legliz la gade te nonm nan kè li fè li mal, li pale ak li.

<<Ti gason koman ou rele?>>

Ti Bondye: <<Mwen rele Ti Bondye.>>

Pastè: <<Ki laj ou?>>

Ti Bondye: <<Mwen gen senkan.>>

<<Kote manman w ak papa w?>>

<<Mwen pa gen manman ak papa se yon frè mwen ki tap ede m li mouri.>>

Pastè: <<Si m mete w kay madanm mwen w’ap rete?>>

Ti Bondye: << Wi m’ap rete.>>

Pastè a pran tigason an li mete l nan machin li lale ak li.  Lè li rive li mande: <<Kote Michou?>>

<<Men mwen cheri.  Koman ou te pase semen nan?>>

<<Trè byen  cheri.>>

Michou: <<Kote ou jwenn ak tigason sa?>>

<<Mwen byen kontan pou kesyon an, se pou ou mwen pote l, fòk ou gade l tankou pwòp pitit ou.”

Michou gade Ti Bondye ak yon lè li bougonnen.

Pastè a fè 4 jou nan kay la e Ti Bondye tou fè 4 jou.  L’ap byen dòmi, l’ap byen manje.

Lè paste a ale, lanfè mete pye nan kay la.

Ti gason an ap leve nan kabann a 4, trè nan maten, l’al dòmi a 11 è nan aswè.  Chak maten fòk l’al leve malere a nan dòmi.

Michou: <<Ou menm, menm ou p’ap leve pou al nan dlo, e aprè pou vin lave veso yo.  Lè fini vin al nan mache yo pou mwen.>>

Ti Bondye: << Wi matant.>>

Michou: <<Pa rele mwen matant.  Ou wè m sanble ak sè manman w ak figi devan w la?  Gade tèt tigason an non.>>

Lè Ti Bondye sot na mache a se li ki pou limen difè pou manje a kwit.  Li pran plas fanm kay la paske se li ki ranje tout bagay nana kay la, e l’ap touplzi ti nonm nan.  Ti manje li bay ti gason an pa fè anyen pou li, tigason an mèg.

Michou se sèl li menm nan zòn nan li chaje ak mari epi li gen anpil tankou: li tripotay anpil.  Lè l’ap pran lari li pote yon bann bijou zannò yon jou mal chans pou li volè mal tirize, yo ta pase ak baton.

Pastè a pran nouvèl li rantre n Ayiti lit e ale nan yon seminè k’ap dire 4 lane.  Akòz de nouvèl la, li oblije vini nan peyi li.  Lè li rive pou eta li wè ti gason an li sezi e Ti Bondye rankonte l tout bagay sou danm nan.

Ti Bondye: <<Michou se yon dyab anfè, sòn chak jou lap ban mwen baton ak li mwen pa ka ret nan kabann.

Pastè: <<genlè li pa mete w lekòl?>>

<<Non, menm rad mwen pa gen pou mwen mete sou mwen, se vwazen djo ki banm sa ou wè sou mwen an.>>

Pastè a kriye e li souke tèt li, li panse ak pwòp tèt li.

Pastè: <<mwen te ka nan yon sitiyasyon konsa tou si lavi pat nam yon chans.>>

Li mete Ti Bondye lekòl.  Ti Bondye vin yon nan pi gwo avoka k’ap evolye an Ayiti.

************************