Nou di ase/We say “Enough”

4 02 2011

Malgre tout sa n’ap pase

Nou toujou espere

Yon jou sa ka chanje

Menm lè souf nou preske koupe.

Nou di ase

Pou sa n’ap pase

Menm lè moun ki konsène

Pa janm tande vwa n’ k’ap kriye.

Yo fè n vote

Pou Bon lespwa

Lè n’ revandike

Yo bann kout bwa.

Yo di n’ naje

Pou n’ ka soti

Bouche nen nou

Bwè dlo santi.

Sa k’ pa gen kè

Viv nan mizè

Y’ale vole

Fè kidnapè

Kilè Ayiti ap sispann viktim

Anba kolè laniti

Yon ti lapli

Nou gen moun viktim.

Tranblemanditè te komanse

Kolera men map kontinye

Anpil fanmi pa sispann kriye

Mize pèp la k’ap ogmante.

Yo di, aprè soufrans

Se delivrans

Si n’ pran konsyans

Nou gen yon chans.

Moun k’ap kriye

An nou priye

Se sèl Bondye

K’ ka delivre n.’.

— JOSEPH Dénold (G.Love)

*********************************************************

In spite of everything that has happened to us

We still hope.

Someday, this can change

Even as our breath ceases to flow.

We say “Enough”

To what has happened to us

Even as the leaders who should be concerned

Refuse to hear our voices as we cry out.

They make us vote

All in good faith.

When we assert ourselves,

They cut us down.

They tell us to swim

So that we can escape.

Hold our noses

And drink stinking water.

Those who have no hearts

Live in misery

They go out and steal

They kidnap

When will Haiti stop being a victim

Of Nature’s wrath?

Even a little rain

Makes us victims over again.

It began with the earthquake

It continues with cholera

Many families haven’t stopped crying

The people’s misery grows and grows

They say: After suffering

Comes deliverance.

If we keep our conscience

We still have a chance.

People are crying.

Let us pray.

It is only God

Who can deliver us.

— Dénold JOSEPH (G. Love)





Ayiti ka sove/Haiti can be saved

31 12 2010

Granmoun:  Mezanmi, gade eta ti peyi ya, m’ sonje lontan mesye lontan se te lapè tout kote, lanati t’ap fleri, ti zwazo p’at janm sispann chante, lari nou yo, plas piblik nou yo se te bèl bagay, lanwit timoun p’at janm sispann fè lago anba bèl lalin k’ap klere.
Wouy!  Ala tris, m’ sonje lontan kote vwazinaj sete fanmi, grangou p’at konn ap trakase zantray moun paske nou tout te ini, lanmou te blayi kom larivyè nan kè nou, latè p’at janm sispann donnen, moun te gen respè pou moun, sosyete a t’ap byen fonksyone.
Mesyedam gade kounye a moun pa ka rete lavil, kouri monte nan mòn se menm bagay, peyizan tèlman koupe pyebwa pyebwa, nou preske pa gen zwazo ankò, s’ak rele kribich, pwason tout fwi lanmè pa yo fin pèdi pou tèlman sous dlo nou yo, rivyè nou yo pa an bon eta, lanati ap degrade, fatra tounen adrès nou.
Lajounen ou pè mache paske ensekirite tabli toupatou, alevwa lanwit si pòt ou pa byen klere yo prèt antre sou ou pou dechèpiye w’, jounen jodiy a chak koukouy klere pou je w’, ou grangou, sa pa regade pyès moun, tèlman kè nou vin di, vwazinay nan tan sa a, si yo konn ti kò w’ bon yo voye kidnape w, ey, ala traka papa kounye a timoun pa gade granmoun pou anyen tèlman yo fè sa yo vle, paran yo se mache byen pou m’ pa choute w’.
O, Bonbye kote sa prale, kote sa ap rive, m’ santi m’ bouke m’ santi m’ pa kab ankò, m’ sonje lontan kote…..

Jen: Wouy, madanm, kanpe la, m’ paka tande w’ ankò!  M’ santi zantray mwen ap dechire, m’ santi m’ gen doulè kou yon fanm ki prèt pou akouche, enben si se pou sa Ayiti fini vre.

Granmoun: Se pa manti nan tout sa’ m’ sot rankontre w’ la a.

Jen: Woy, ki sa pou m’ ta fè la?  Ki lwa pou m’ ta rele la pitit yo ta vin pote ‘ sekow.

Granmoun: Non, pitit mwen, non, nou eseye ak yo deja e se yo ki mete nou nan eta n’ ye la, dèfwa m’ konn di genlè se san kochon an ki fè nou enpwòp konsa, m’ fatige ak sendenden sa yo, m’ reyalize yo pa gen anyen de bon lakay yo tèlman yo mechan.

Jen: Sò w’ panse k’ dwe fèt?

Granmoun: Nou pa gen lòt bagay pou nou fè, eta ti peyi sa ye la s’on sèl moun ki ka sove l’ sèlman Bondye paske tout sosyològ, tout gran pansè di pa gen chanjman pou Ayiti, nou genlè g’on pwoblèm mantal.  Se yon refòm espirityèl ki ka lave nan venn nou vye san kochon sa e libere nou de tout vye lwa ki mare nou.

Jen: M’ m’, si m’ byen konprann kretyen yo gen anpil travay pou yo fè.

Granmoun: Wi, men se pa sèl kretyen yo non, se tout ayisyen ki dwe sispann jete fatra nan lari a, sispann koupe pyebwa, men plante pito, fè tout s’ak depann de nou e kretyen yo dwe batay anpil pou jenou yo pou pouse fòs fè nwa sa pi lwen paske ak pisans jezi-kri ki nan nou kapab.  E konsa nou va gen yon bèl Ayiti pou asire avni nou, avni fanmi nou, e avni lòt jenerasyon k’ap monte yo.

Ansanm: Wi, se pou nou pote Ayiti devan Bondye pou nou kriye ak yon sèl vwa: Libète, libète, libète.

— PETIT-FRÈRE Assephie